エピソード

  • Rosena Josselin Orys: Istwa dèyè mizik “SOS” – Mizik, Lafwa, ak Temwayaj
    2025/05/20

    Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, nou chita pale ak Rosena Josselin Orys, atis evanjelik ki dèyè gwo hit “SOS” la. Li rakonte istwa li depi kòmansman li nan legliz rive sou sèn entènasyonal la, kijan li balanse la fwa, mizik, fanmi, ak biznis.

    続きを読む 一部表示
    42 分
  • Vedala Vilmond: Soti Aux Cayes rive sou sèn Latin Grammy Awards
    2025/05/13

    Nan videyo sa a, Carel Pedre resevwa Vedala Vilmond, yon jèn chantèz Ayisyèn ki fèt Aux Cayes epi ki te kite Ayiti pou al viv Chili a 11 an. Se la li te dekouvri pasyon li pou mizik, jiska li siyen ak Sony Music Chile a 15 an.Jodi a, Vedala se vokalis prensipal gwoup DARUMAS, yon triyo fanm ki pote yon melanj ant Latin funk, pop ak mizik KarayibGwoup DARUMAS te nomine e pèfome nan Latin Grammy 2024 e afiche nan gwo festival nan mond la.

    続きを読む 一部表示
    1 時間 11 分
  • Taïja ak Paska ap prezante “Lontan” – Yon kolaborasyon ant Ayiti ak Guyàn!
    2025/05/09

    Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, nou resevwa Taïja, yon atis ki sòti Guyàn ak Matinik, ki vin prezante kolaborasyon li ak Paska sou mizik “Lontan”. Yo pale sou jan yo rankontre, koneksyon yo ak kilti ayisyèn, lanmou yo gen pou konpa, ak tout bèl eksperyans yo pandan y ap mete pwojè sa sou pye la te filme Guyàn, epi li pote yon mesaj sou lanmou, inite, ak respè ant kominote kreyòl yo. Pa rate entèvyou sa ki ranpli ak enèji pozitif, vizyon, ak pasyon pou mizik Karayib la!

    続きを読む 一部表示
    38 分
  • Richie: 13 Ane Klass, Pwochen Albòm Solo, ak Rèv pou 75 Ane Konpa
    2025/05/02

    Pou 13yèm anivèsè Klass, Mayestwo Richie chita pale ak Carel! Nan entèvyou sa a, li pale ak tout franchiz sou sòti li nan Zenglen, kreyasyon Klass, difikilte ak siksè li rankontre, relasyon li ak lòt atis, enpòtans dwa dòtè, epi vizyon li pou avni mizik ayisyen an epi rèv li pou selebre 75 an Compas ak tout jenerasyon yo ansanm sou menm sèn.

    続きを読む 一部表示
    1 時間 17 分
  • Nadege Fleurimond ap rezante Haitian Restaurant Week
    2025/04/29

    Nan bèl konvèsasyon sa a, chef, otè, ak antreprenè Nadege Fleurimond rakonte pakou li pou mete kilti Ayisyen an an valè atravè manje. Soti nan liv Haiti Uncovered rive nan kreyasyon Haitian Restaurant Week, Nadege montre kijan gastronomi kapab sèvi kòm zouti diplomasi, devlopman biznis, ak fyète nasyonal.Nan videyo sa a, w’ap tande: • Kijan li te ranmase plis pase $70,000 pou pibliye Haiti Uncovered • Kijan li òganize vizit kiltirèl ann Ayiti malgre enstabilite • Kijan li sèvi ak manje kòm pon ant Ayisyen ak rès mond lan • Enpòtans disiplin, pwofesyonalis ak maketing nan biznis Ayisyen • Diferans kominote Ayisyen Florid ak Nouyòk • Lansman liy epis li ak lòt pwojè

    続きを読む 一部表示
    55 分
  • Mirline Dort ap prezante “Sa Se Mwen” — Yon istawa kote kouraj, doulè, ak lanmou rankontre.
    2025/04/28

    Yon ti moman enspirasyon ak Mirline, otè liv “Sa Se Mwen”, kote li rakonte batay li kòm yon jèn manman, sòlda, ak fanm ki simonte doulè lavi. Nou pale sou adopsyon pitit li, batay li ak sante mantal, rekonstriksyon lavi li, ak lafwa ki pèmèt li kenbe tèt.

    続きを読む 一部表示
    32 分
  • Wildine Aumoithe: Rekò Mondyal Guinness, Modèl & Fyète Ayisyèn 🇭🇹✨
    2025/04/23

    Dekouvri istwa ekstraòdinè Wildine Aumoithe—yon jèn fanm Ayisyèn-Amerikèn ki kenbe 2 rekò mondyal Guinness kòm fanm pi kout ki pa ka deplase ak pi kout modèl pwofesyonèl nan mond lan.Nan entèvyou sa a, li pataje istwa li: kòman li adapte nan yon mond ki pa fèt pou li, kijan li antre nan domèn fashion ak kontni kreyatif, epi kijan li itilize reyalite li pou enspire lòt moun.Wildine ap etidye graphic design, li deja defile nan New York Fashion Week, li sonje vizit li nan Ayiti, epi li di li ouvè pou parèt nan videyo mizik ayisyen.Li rakonte pasyon li pou mizik (li te chante nan yon gwoup), lanmou li pou Bedjine, K-Dilak, Misty Jean, ak J-Beatz, epi rèv li pou bay yon TEDx Talk sou mode ak enklizyon.

    続きを読む 一部表示
    37 分
  • Alexandre Ade, Project Manager Haitian Compas Festival la, ap bat tout detay sou 27yèm edisyon an
    2025/04/22

    Nan entèvyou sa a, Alexandre Ade mete limyè sou 27yèm edisyon Haitian Compas Festival la. Li rakonte eksperyans li depi li te kòmanse kòm volontè, rive jodi a kòm Project Manager prensipal. Li dekri tout sa ki ap vini pou edisyon ane sa a: lineup atis yo, plan sekirite, inovasyon nan planifikasyon, ak objektif pou mete nouvo jenerasyon an devan. Yon ti rale anndan tout sa k ap fèt pou bay piblik la pi bon eksperyans posib pandan Fèt Drapo a nan Miami.

    続きを読む 一部表示
    50 分